SakPaséLearnHaitianCreole: Learn Haitian Creole Lessons,Sak Pasé, Nap Boulé, Speak Creole

Sunday, May 1, 2011

Free Complete Text of "Vwala Se Te Yon Fwa" Once Upon a Time, One of the Two Stories in "Two Haitian Tales...Koukouyoukou, Kikiriki, Cocorico, etc"

Vwala Se Te Yon Fwa
Once Upon a Time
CreoleChildrensBooks.Blogspot.com
AnnPaleKreyolAudio.Blogspot.com
Krik? Krak! Vwala se te yon fwa!
Vwala se te yon fwa yon tigason ki rele Traka Pongongon deside kreye istwa tout kote li t-ap kouri. Toutbon se konsa manman-l ak papa-l te rele-l. Traka Pongongon viv daprè non-l. Li pa-t bay moun okenn desepsyon paske li te konn kreye tout kalite traka ak tèt chaje pou moun nan kanton kote li t-ap viv ak fanmi li. Tout abitan nan kanton an te konnen li trè byen. Traka Pongongon te toujou ap chèche opòtunite pou-l kreye briganday. Fè dezòd fè kè-l kontan anpil. Men paske paran li te bon moun, abitan vilaj Bèlvil yo pa pote plent ba yo. Paran Traka Pongongon te moun debyen, tout moun te respekte yo nan kanton an. Mesye TimTim ak Madan Bwasèch panse yo te elve pititgason yo a byen. Yo pa konnen sa-k rive-l oswa ki sa ki fè-l chanje konsa. Yo te gen bon kalite panse sou jan pou elve timoun yo. Aprètou, Bèlvil se te yon ti kanton kote tout granmoun elve tout timoun.
Lè Traka Pongongon te gen douzan, li vin yon bon jwè foutbòl. Tout moun Bèvil mennen pitit yo vin gade match li yo. Li rapid sou tèren an. Li pase boul la byen. Paske Traka te toujou ap kouri toupatou, li te nan bòn kondisyon fizik. Li renmen patisipe nan klas edukasyon fizik li. Li te toujou fè devwa-l. Traka resevwa bòn nòt nan egzamen matematik ak syans. Mèt oubyen pwofesè li yo di ke li te yon bon jan elèv tou.
Traka Pongongon te renmen fabrike istwa. Anpil moun kòmanse kwè yo paske li te toujou ap kouri nan tout kwen lokalite yo. Li te wè tout sa ki t-ap pase nan lòt zòn yo. Paske li te yon bon atlèt, tout moun ba li pwoteksyon. Epi yo te konnen papa-l ak manman-l tou! Men sa pa-t anpeche-l lage tout bèt li rankontre sou wout li.
”Bèt sa yo bezwen libète tou. Yo pa-t fèt pou yo rete yon sèl kote.” Men li pa di pèson sa-l t-ap fè pandan li t-ap kouri nan kanton an. Se konsa kabrit, kochon, bèf, mulèt, chwal, ak bourik tonbe kouri al bò lanmè a. Li pa-t ka wè yon bèt mare nan yon pak oswa anba yon pyebwa. Traka tonbe kouri ak bèt sa yo tou. Men mèt bèt yo pa-t ka rive konnen ki moun ki lage yo. Yo pa-t kontan ditou.
Pousyè leve lè tout bèt sa yo kòmanse kouri. Yo tout t-ap dirije yo vè yon sèl destinasyon. Sous la oswa twou dlo-a te touprè lanmè-a. Lè mèt bèt yo pa-t jwenn yo kote yo te mare yo a, yo kòmanse chèche yo. Se konsa yonn aprè lòt, tout fèmye yo desann nan sous la pou reklame bèt pa yo.
Yon jou, aprè li fin fè devwa-l, Traka Pongongon deside kouri al anba lavil. Pandan li te sou wout lakay li, li pase sou plaj Bèlvil. Se la li deside fabrike istwa sa-a.
Nan platon tankou nan mòn, Traka t-ap kouri rakonte sa-l fèk sot wè sou plaj la. Li te konnen anpil moun pa ale sou plaj lè mèkredi. Mèkredi se jou mache. Tout moun andeyò yo desann anba lavil pou y-al vann danre yo. Se s-ak fè li kouri pase nan mache a pou-l wè si-l te plen ak moun. Machann ze, machann fwi, machann diri, machann poul, machann vyann, machann fridòdòy, machann fritay, machann pwason, machann pistach, machann mamba, machann pwa ak machann bannan te rive nan mache a byen bonè. Yo kòmanse vann machandiz yo anban tant yo. Tout sa yon moun te bezwen, yo te ka jwenn li la. Pou jan mache a te boure ak moun, Traka te konnen li te chwazi yon bon jou pou-l rakonte istwa li a. Li pa-t ka tann li rankontre yon moun avan li tonbe anonse gwo evènman an.
“Pandan m te sou plaj Bèlvil la, m te wè yon gwo balèn ki vin ateri sou plaj la. Li tèlman gwo, pa-t gen sab ki pa-t kouvri. Balèn nan blayi sou wòch, sab, ak chèz bò lanmè-a. “
Se sa Traka t-ap di tout moun li rankontre. Li di timoun kon granmoun. Tout moun te vle wè gwo labalèn sa-a. Yo tonbe kouri al sou plaj la. Moun sa yo kòmanse rele zanmi yo sou telefòn pòtab yo. Yon gwoup zanmi telefone yon lòt gwoup zanmi. Sa w tande a, nouvèl la gaye byen vit. Moun kòmanse ap kouri al bò lanmè a! Timoun kon granmoun t-ap kouri britsoukou ak gwo kontantman!
Traka Pongongon tonbe ri san li pa kite moun wè-l ap ri. Li kontinye ap anonse nouvèl balèn ki aterí sou bò lanmè-a. Pwiske Traka te kòmanse chèn anons sa yo, li pa-t ka konte konbyen moun ki t-ap swiv anons yo. Lòt moun ki rankontre-l koumanse ba li menm gwo nouvèl la tou.
“Hey, ou pa-t tande sa. Gen yon gwo balèn ki kole sou plaj la. Ou vle vin ede nou pouse-l retounen nan lanmè-a?“ Yo di-l. Traka pa-t rann ni kont ke li menm tou tap resevwa gwo nouvèl sa-a. Eske li kòmanse kwè istwa li tou ?
Traka rankontre moun ki t-ap soti nan mache a. Li ba yo menm nouvèl la. Lè li rive nan mitan mache a, li rele avèk tout fòs li pou li bay mesaj sa-a :
“Koute! Koute! Tout moun, koute mesaj sa-a ! Gen yon balèn ki kole sou plaj la. Li tèlman gwo, li pran tout plaj la. Pa gen moun ki ka naje. M wè-l ak de je-m. Gen anpil moun k-ap eseye ede-l. Nou bezwen plus moun pou pouse-l tounen nan lanmè-a kote li rete. Si nou pa fè vit, nou ka pa gen tan wè-l. “
Traka potkò fin pale, moun tonbe kouri al sou plaj Bèlvil. Yo tout enterese nan istwa gwo balèn nan. Traka t-ap kouri avèk yo tou. Sa w tande a, mache a kraze tou! Prèske tout klyan oswa pratik yo kite sa yo t-ap fè pou yo ka wè balèn nan. Gen machann ki pèdi kòb paske klyan yo tonbe kouri avèk kòb yo nan pòch yo.
Pandan m t-ap pase nan mache-a, m tande nouvèl la tou. M pran kouri avèk tout rès espektatè yo tou. Men kòm te gen anpil moun sou plaj la, moun koumanse pouse moun ki t-ap pouse balèn nan tounen nan lanmè-a. Pandan nou tout te la, yo gwo lanm lanmè vin kouvri tout kò balèn nan. Li leve tèt li epi li gade tout moun. Se lè sa-a, tout moun fè bak. Yo wè li gen yon sèl je. Yo pran rele aprè yo fin mouye ! Anmentan, balèn nan respire epi li kòmanse sekwe kò-l. Li pouse dlo deyò. Li kòmanse naje. Lè li rive nan fon lanmè a, li plonje. Sa-m te wè se sèlman ke balèn nan. Juskaprezan, gen moun k-ap di pa-t gen yon balèn ki te ateri, blayi sou plaj la. Anfen, te gen plus moun ki pa-t gen chans wè-l pase moun ki te wè-l.
Pandan moun ki te mouye yo t-ap seche rad yo, m kouri tankou pongongon pou-m rakonte nou bèl ti istwa sa-a.


Translation
Vwala Se Te Yon Fwa
Once Upon a Time
CreoleChildrensBooks.Blogspot.com
AnnPaleKreyolAudio.Blogspot.com
Once upon a time, a boy named Traka Pongongon decided to create stories everywhere he was running. That’s how his parents truly called him. Traka Pongongon lived according to his name. He did not deceive anybody because he knew how to create all kinds of trouble and misery for the residents of BellVille where he was living with his family. All the inhabitants of the town knew him very well. Traka Pongongon was always looking for opportunities to create trouble. Making mischief made him happy. However, because Traka’s parents were good standing residents of the town, the residents did not complain to them that much. Everyone respected Traka Pongongon’s parents because they were nice people. Mr. Tim Tim and Mrs. BwaSèch thought they had raised their son well. They did not know what had happened to him and what had made him change so drastically. They had great ideas about how to raise their children. After all, BelleVille was a little town were all adults raised all children.
When Traka Pongongon was ten, he became a very good soccer player. All the residents of BelleVille brought their kids to watch his matches. He was fast on the field. He passed the ball very well. Because Traka was running everywhere he was going, he was in good physical shape. He enjoyed participating in his P.E. classes. He always did his homework. He received good grades from his Math and Sciences tests. His teachers said he was a well-rounded student too.
Traka Pongongon enjoyed making up stories. Many people started to believe them because he was running every corner of the region. He saw everything that was going on in the other areas. Everybody respected him because he was a good athlete. And all the residents knew his parents too. But that did not prevent him from letting loose all the animals he encountered on his way.
“These animals need their freedom. They were not created to stay in one spot all the time.“ Traka never told anybody what he was up to while jogging around. That’s how goats, pigs, mules, horses, and donkeys ran down to the beach. Traka could not see an animal tied in a corral or under the shade of a tree. Then, he started running with the animals too. However, the owners of these animals, the farmers, could not get to know who was behind the release of their animals. They were not happy at all.
Dust rose when all these animals started running around. They were all running to one destination : the water hole that was close to the beach. When the owners of the animals did not find them where they had tied them, they started to look for them. That’s how, one after the other, the farmers went down to the water hole to reclaim their animals.
One day, after he had completed his homework, Traka decided to run downtown. On his way back home, he decided to drop by BelleVille beach. That is where he decided to imagine his next story.
On flatlands as well as over the hills, Traka was running and telling others about what he had just seen on BelleVille beach. He knew many people did not go to the market on Wednesdays. Wednesdays are market days. Mountain dwellers come downtown to sell their crops. That is why he ran to the market to see whether it was filled with merchants and shoppers. Egg merchants, fruit merchants, rice merchants, chicken merchants, meat merchants, junk food merchants, fried food merchants, fish merchants, peanut merchants, peanut butter merchants, bean merchants, and plantain merchants arrived early at the market. They have started selling their merchandise under their tent. Everything one wanted could be found there. For the way the market was filled with people¸Traka knew he had chosen a good day to tell his tale. He could not wait to encounter somebody before he could inform him/her of his huge event.
« While I was on BelleVille beach, I witnessed a huge whale that got stranded there. It was so big that there was no sand left uncovered. The whale rested on the rocks, sand, and beach chairs. »
That is what Traka was telling everybody he encountered. He was telling children as well as adults. Everybody wanted to see this huge whale. They ran down to the beach to see it. These people called their friends on their cell phones. One group of friends telephoned another group of friends. In no time, the news went viral. Various groups of people were running down to the beach. All of a sudden, children as well as grownups were running with so much excitement.
Traka Pongongon hid his laughter. He did not want to let anybody see him laughing. Nonetheless, he continued to announce the news of the huge whale that got stranded on the beach. Since he started his chain of announcement, he could not know how many people were following them. Others who met him started to give him the same breaking news too.
« Hey, you did not hear about this. There is a huge whale that got stranded on the beach. Do you want to come help us push it back to the ocean ? » they said to him. Traka did not realize that he too would receive the same breaking news from others. Did he start to believe his own story ?
Traka met people who were coming back from the market. He shared the same news with them. When he got to the middle of the market, he summoned all his courage and strength to deliver this message :
« Listen up. Listen up. Everybody, listen up. There is a huge whale that landed on the beach. It is so huge that it takes over the whole beach. There is no swimmer who can get in there. Nobody can swim there ! I saw it with my own eyes. There are many people who are working hard to help it. We need more people to help push it back into the ocean. If you do not hurry up, you may not have time to see it. »
Traka did not even finish his speech that his listeners started running down to the beach. All of them were interested in the story of the huge stranded whale. Traka was running with them too. In no time, the market was no more. Vendors as well as shoppers left at once. Almost all the clients, the regular customers left what they were doing to go see the whale. There were merchants who lost money because the customers started running away with their money in their pockets.
As I was passing by the empty market, I heard the news too. I started running with the rest of all the spectators. But as there were many people on the beach, people started pushing people who were pushing the whale back into the ocean. While we were all there, a huge wave came in and covered the body of the whale. The whale raised its head and looked at everybody. Everyone ran away from it or moved back. They saw it had only one eye. They pushed a huge roar as they got submerged. The huge wave got them all wet. At the same time, the whale breathed and started shaking its massive body. It flapped and threw water. It started swimming away. When the whale got deep enough in the ocean, it dove. Then, the next thing I saw was only the tail of the whale.
Until now there are people who keep saying that there was no whale that landed and rested on the beach. All in all, there were more people who did not have any chance to see it than those who did see it.
While the people who got wet were drying up their clothes, I ran like Pongongon did in order to tell you this beautiful story.

1 comment:

  1. Kreyolpalekreyolkonprann: Speak Kreyol, Pale Kreyol, Understand Kreyol, Konprann Kreyol: Complete Text Of "Vwala Se Te Yon Fwa" Once Upon A Time, One Of The Two Stories In "Two Haitian Tales...Koukouyoukou, Kikiriki, Cocorico, Etc" >>>>> Download Now

    >>>>> Download Full

    Kreyolpalekreyolkonprann: Speak Kreyol, Pale Kreyol, Understand Kreyol, Konprann Kreyol: Complete Text Of "Vwala Se Te Yon Fwa" Once Upon A Time, One Of The Two Stories In "Two Haitian Tales...Koukouyoukou, Kikiriki, Cocorico, Etc" >>>>> Download LINK

    >>>>> Download Now

    Kreyolpalekreyolkonprann: Speak Kreyol, Pale Kreyol, Understand Kreyol, Konprann Kreyol: Complete Text Of "Vwala Se Te Yon Fwa" Once Upon A Time, One Of The Two Stories In "Two Haitian Tales...Koukouyoukou, Kikiriki, Cocorico, Etc" >>>>> Download Full

    >>>>> Download LINK R8

    ReplyDelete